Chapit 20

98 22 2
                                    

Nan po Daniela

Sa fè 3 jou depi m pa wè Richard,m ekri l li pa reponn épi m rele l li pa pran telefòn nan. M te konn an avans ke sa te pral pase konsa men m Pat kapab ankò. Li pa menm vle pale avè m menm omwen pou m ta konn ki kote pou m kanpe,m konn ke se pa sa kap fl renmen m men, sa ap retire angwas sa ke m genyen an.

Manmanm: Bon Daniela,sa k fè veso yo pako lave la menm?

Mwen: Talè manman.

Manmanm: Ou pa janm pa kole nan on bwa telefòn! Valè bagay ki gen pou fè la épi w ret la wap ekri,m pa leve timoun paresèz non mwen. Épi e vye moso bagay sa kap fè nou pa konn anyen an Wi.

Mwen: Ah manman woy! Men m pral lave yo hmm.

Manmanm:  Epi aprèsa pou w vin fwote rad sa yo ban mwen,ak telefòn ou an!

Depi madanm sa pran pale,li pap sispann. Épi on pil veso,4 mun ki gen nan on kay,tout ti bagay yo sal veso,yo nève moun isi a..
M fin lave veso a yo,m fon ti chita âpre m al fwote rad la yo pou manmanm pa vin pale la.

Nan pita,bò 4h yo konsa,m pran wout la m al ka Richard,si l pa la,map tann li men fòk omwen li dim Poukisa l'AP evite m nan. Lè m rive m jwenn manman l anba galri a,m salye l épi m mande l pou Richard,li dim li anndan l'AP benyen épi m antre anndan. M antre dousman nan chanm Peter a,m rale lòt la de sòt ke lè l'AP soti nan douch la pou l pa wè m. M ret tann li fin abiye,m ouvè pòt la,m soti épi m antre nan chanm pa l la,m take pòt la,li gade m li pantan.

Richard: Daniela Sa w ap f la?

Mwen: Ebyen kòm m wè wap kouri pou mwen,m chache kote w ye mwen menm.

Richard: Dani se pa sa w panse a se jis ke m poko ka abitye a gwo chanjman sa.

Mwen: M konnen Richard! E m pa mande w pou w renmen m menm Jan,m jis vle w pre m,tanpri pa banm do.

Richard: Se pa osi fasil! Se tankou yon moun ki abitye viv andeyò épi sibitman ou voye l lavil,lap santi l etranj. Mwen santi m etranj! E vrèman m pap kapab.

Mwen: Non Richard Pa fè m sa!

Richard: M pap ka ret gade w nan je Dani,apre tout sa k te pase oparavan,apre tout sa m fò w sibi menm lè se Pat fòt mwen....M santi m koupab.

Mwen: Men sa yo pase deja,m padone,pa met sa nan tèt ou,se pa fòt ou. M konn si w te konnen,ou pa tap janm fè m mal.

Richard: Sa pa anpeche ke m fè w mal kanmèm.

Mwen: M konnen men...

Richard: Non ou pa konnen Daniela,ou pa konprann ke lè m rete bò kotew la map fèw mal plis? M paka chita ap ofriw amitye alòs ke ou se pa sa w bezwen,ou konnen m renmen w,men se pa menm Jan.

Mwen: Ou mèt kwè m ke absans ou fè m plis mal,si m te sipòte tout tan sa,m kapab toujou.

Richard: Wap kapab toujou épi espere ke on jou ma va renmen w menm Jan pa vre?

Men ça m'est égal! M avanse kote l la,m kenbe de men l,m gade l nan je épi m di l:

Mwen: Petèt! E menm lè sa pa ta rive,m pap janm sispann renmen w Richard,silteplè pa fè m sa.

Li tonbe kriye,li lage men m épi l koke m,m te santi m byen nan moman,m fèmen de je m épi map respire pafen l,dlo sot nan je m.

Richard: Padon Dani....padon!

Mwen: Ou pa bezwen mandé m padon,dekwè m di w ke se pa fòt ou,sèlman pa abandone m.

Li pa reponn,nou te toujou kòlè sere,a prè yon ti tan,li lage m. Li siye je l,mwen menm tou. Li vire,l al kanpe bò fenèt la,li fè kòmsi l'AP gad on bagay alòs m konnen l pap gad anyen. Li sanble vle ret poukont li,m di l ale,li reponn vagman épi m soti kite l anndan.

M pa renmen Jan l vin ye a,komsi l fè yon bagay ke l Pat vle. Sou wout la m jwenn ak Smeralda ki ap antre lakay.

Smeralda: Hmm depi w wè sa,ou sot ka Richard! Sa k tonbe menm?

Mwen: Aaah anyen!

Smeralda: Oh kòman ou reponn la? Sa vle di tout bagay kraze?

Mwen: Li pa di m sa dirèkteman men l Pat konn reponn mesaj mwen donk m te al kote l lakay li a.

Smeralda: E Aprè?

Mwen: Nou pale épi m vini. M di l tout sa m te gen pou m di l,kounya map espere ke tout bagay ap rantre nan lòd.

Smeralda: Fò w pa anmède l tou non,ba l tan l ,ba l espas pou l reflechi. Sinon l pap janm vle vin kote w,pale avèl de tanzantan men pa etènize w sou bagay yo.

Mwen: M konnen wi men l Pat banm nouvèl ditou,kè m cho,konprann mwen.

Smeralda: Jere bagay yo ak kalm tande,pa vin fè tèt cho la pou w pa gâte bagay yo,si n paka renmen omwen na ret zanmi,c'est la moindre des choses.

Mwen: Mhmm ann swiv pou n wè. Sèlman depi l la,m pa gen pwoblèm Menm si l pa renmen m menm jan,peu importe.

Smeralda: Adye oooh! Pita epa sa w pral di non,wa di m Pat pale w. Genlè lespri w timoun toujou! Donner de l'amitié à quelqu'un qui veut de l'amour,c'est comme donner à manger à quelqu'un qui a soif. Lè swaf pral touye w,ou pral konprann.

Mwen: Ebyen sa w vle m fè menm?

Smeralda: Bon sa e ou k pral konnen l sèm! E ou k pou konn saw vle m paka fòse w,men sèlman m ka baw kèk konsèy. Si w bezwen Richard,se met fanm sou ou pou w kontwole sitiyasyon an. Ou twò vag,fòw aprann aji ,fò w gen ambition oooh,epa nan tout sans m'en omwen nan sa,il n'y a rien de mal,tu te bats pour l'amour de ta vie,met fanm sou ou!

Mezanmi na eskize m pou tout reta sa,m t on ti Jan à cours d'inspiration,twòp strès nan kò m. Bon m espere ke m konble atant nou,randevou pou yon lòt chapit trè byento. One love pou nou!!!!

Renmen moun ki renmen wDonde viven las historias. Descúbrelo ahora