Chapit 8

83 21 1
                                    

Nan po Richard

Sa fè 2 jou depi mwen ak frè m nan lopital la,doktè a di n ke n'ap ka soti demen maten men m'ap pase yon mwa ak bra m nan sak la. Nou te ka ale pi bonè men pou blese nou yo pa fè two gwo maleng,yo fè yon ti kenbe nou toujou pou yo te ka swanye yo.

M tèlman santi m nwi ak bagay sa k nan bra m nan la! Erezman ak malerezman tou frè m nan bò kote m nan,m pa two santi m raz,le swa manman m domi avè nou épi lè Aprè midi papa m pase wè nou.

Jodia m pa wè Dani,m pa konn sa l genyen,li te di lap vini. Mesye yo te pase apre lekòl.

Peterson: Manman pran ti dlo pou mwen silvouplè.

M wè manmanm bese l pran on bidon dlo ki te bò kabann nan épi li lonje l ba li. Menm moman an,Vanessa vin ap parèt,li ak on ti tèt jip evaze nwa ak on ti kòsaj ble,je m limen,m etone e m eksite an menm tan.Men fò m di tou ke l vrèman seksi, Peter kòmanse ap touse,li sanble trangle ak dlo a.

Vanessa: Bonswa tout moun!

Mwen ak manman m: Bonswa!

Vanessa: Kòman ou santi ou jodia Richard?

Mwen: M anfom wi,m te pi mal. Vanou m'ap prezante ou,manmanm,manman,se Vanessa mennaj mwen.

Vanessa: Oh m kontan konèt ou Madam!

Manmanm: Mwen menm tou. Men pitit fi m,ou wè sa m pral di w la,se pou byen w. Ou wè rad sa yo ki sou ou a,m pata swete lè m wè w ankò,pou m wè ou abiye konsa ankò. M patap di w anyen men kòm m tande ou se mennaj Richard,ti rad sa yo,lè wap vin nan on lye piblik,ou pa sipoze mete yo.

Vanessa: M konnen wi Madam,men disons que m abite tou pre a,m te okipe lakay la,kòm m te anvi wèl,m tou pase la,m pap two rete non.

Manmanm: Kòm se konsa,m k padone w men m pa ta swete sa repwodwi ankò koz moun renmen pale anpil, kòm m pa rekonèt ou,men m kwè nan laj ou,ou konn sa k bon ak sak mal. Ayisyen ap sere moun moso manje men yo pap sere w pawòl,pa kite moun fè kont sou ou sèman pou sa.

Vanessa: Wi Madam m konprann saw di a epi dezole tou pou move enpresyon sa m bay sou premye rankont la e m ta swete tou ke ou pa jije m sèlman sou aparans. Rad yo se jis yon kouvèti...

Peterson: Anmwey,m pa ka pa ri non,wouy,kouvèti w la genlè chavire sè pam!

Mwen: Peter fèmen dan w!

Manmanm: O O saw gen ak konpè a la?

Peterson: Depi w pale sou prensès Vanessa l la e konsa wi!

Vanessa: Franchman si m te prensès gen de moun m pa t'ap kotwaye!

Peterson: Mhmm se domaj!

Manmanm: O O sak gen la? M pa konprann.

Mwen: Depi de moun sa yo kontre se toujou konsa wi,defwa nou banm tèt fè mal. Nu paka pale ansanm,pa pale,nou youn inyore lòt épi tout bagay fini wi.

Vanessa: Ebyen m vin la m pa menm wè l menm,se li kap chache m kont wi,li k foure bouch li nan pawòl mwen.

Manmanm: Sa w gen ak demwazèl la la Peter?

Peterson: M pa gen anyen avè l non,se jis ke 99 mwen Pa ale ak 100 l,osi senp wi.

Vanessa: Ni mwen tou chéri!

Manmanm: Mhmm na regle kòz nou!

Vanessa: Bon m pap ka rete ankò non,m te jis pase wè kòman ou ye,ma vin wè w on lòt fwa. Madam,ankò Dezole pou ti kontretan sa,m tande sa w di m yo épi sa pap repete ankò. Na rewè on lòt fwa.

Manmanm: Ebyen Ok pitit fi m,pa gen pwoblèm!

Mwen: Babay chéri,m'ap tann vizit ou.

Li souri épi li vire l ale,m gade l k'ap mache. Manzè gon w dash,ayayay,lè m pran peze ouf! Épi lè m ap plase l kèk bèl tap Mhmm,m manje dan kote m chita.

Manmanm: Richard epa avè w m'ap pale a?

Peterson: Depi l wè fanm sa,tout nanm li ale.

Manmanm: Li pa mal non,sonw bèl timoun...

Peterson: On zorat degize!

O gad kòman misye frekan! Si e Pat men m ki te nan bagay sa,m tap mutre l on bagay wi.

Mwen: M pa nan radòt avè w tande frè! E bagay soumoun sa m rayi avè w la wi,ou gen bon chans menm pa bon....

Manmanm: Richard Kalme w,pa fè kolè,ou byen ou konn ou paka fè twò gwo efò,epi lopital moun yo pa pou nou epa sèl nou k ladan,manyen ret an pè.

Mwen: Non manman,e li k chache m,defann si e te mwen k te di sa la ou tap wè,madanm mwen pou mwen frè a,m pa baw veye l,dayè m déjà di w lè w wè l fè kòmsi ou pa wèl,se mwen ki ret avèl,anyen nan sa lap regle pa regade w.

Peterson: Poukisa w'ap pale anpil la? M diw pa ret a madanm ou?

Manmanm: Silans wi m mande!

Peterson: Dayè sa m konnen e ke ou pa konnen,m kenbe yo poukont mwen. Kòm ou renmen madanm ou,ret a madanm ou frè,men mwen menm pesonn pap anpeche m pale,bouch mwen pou mwen,bouda m pou la polis.

Mwen: Men fò w pa foure l nan sak pa regade w tou wi. Bouch ou pou ou,di saw vle,men pa met bouch ou sou fanm mwen ni tou pa antre nan zafè m ak Vanessa.

Peterson: A bon se konsa! Wap fè kont avè m ki frè w,pou Vanessa....

Manmanm: Lapè mezanmi lapè,bay lòt moun yo on ti chans tou non.

Peterson: Sonje ou fè kont avè m pou Vanessa,ebyen Ok. Kòm e la m ye m'ap wè,m'ap wè! Si m gentan mouri tou,fomi a banm nouvèl.

Mwen: M pa gen pwoblèm avè w non,m jis di w respekte madanm mwen tou kòm m konn respekte paw tou.

Peterson: Ebyen Ok, jou m ouvè bouch mwen pou m pale de fanm sa ankò,ou mèt fout mwen on souflèt.

Mwen: Ak rezon wi.

Manmanm: Bon gade! Peter ak Richard banm zorèy mwen,ki bagay sa n'ap fè kont pou on fanm nan? Ou menm kisa ti dam nan fè w ou pa vle wè l la menm?

Peterson: Manman kite bagay sa Ok,apati de jodia bagay sa pa konsène m ankò.

Mwen: Li Pat janm konsène w non!

Heheey gad on ti tèt zen! Sa mesye yo gen la atò? Mhmm kòm e frè nou ye na jere koze nou,mwen m retiré kòm nan bagay sa!
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wOù les histoires vivent. Découvrez maintenant