Chapit 7

101 23 7
                                    

Nan po Daniela

Mwen pran on ti souf, mwen antre anndan,map avanse tipa tipa. Mwen wè yo chak kouche sou yon kabann kot a kot. Peterson te gen yon ti grafonyen nan jenou,yon epol li gravye ak yon avan bra l. Richard menm te gen yon pansman bò tèt,yon epol gravye,ak yon bra l ki sanble kase koz m wè l nan yon sòt de sak. M rive devan yo épi dlo sot nan je m,m kuri su Richard.

Mwen: oooo Richard!

Richard: wooouuuyy Daniela,bra m,bra m!

Mwen: O padon,m te bliye sa pou yon moman.

Peterson: Mèsi wi Daniela deske ou te enkyete w pou mwen tou.

Mwen: M tap rive sou ou tou wi. Kòman nou fè fè aksidan sa?

Richard: Yon dam ki ta pral mal travèse,m al fwennen pou m pa frape l épi on lot moto ki te dèyè nou an antre sou pa n nan épi nou tonbe.

Mwen: Bra sa kase nèt?

Richard: Non pa vrèman, ponyèt la dejwente,yo mete l nan sa pou m pa fè two gwo mouvman,pou bra ka ret nan menm nivo a menm.

Mwen: Anh men w ki vire!

Richard: wi.

M ret la map gade l,apre yon ti tan,yon enfimyè vin met pansman sou rès malad yo a,kou l fini,menm moman mesye yo parèt.

Casimir: Gad patnè m yo mesye! Konsa nou manke sevré moun la??

Jeff:  O mesye! Nou tap kouri menm? Gad eta nèg yo mesye! Eeeyy épi ti pantalon nwa m nan tou deja fin chire a.

Peterson: Bondye avè n,wa mouri avan n baz!

Richard: Yon lòt moto ki rantre sou nou wi.

Peterson: Mesye nou nèk tonbe,m leve apre m wè Richard ret atè,m souke Richard,misye pa leve épi li t gen san kap sot bò tèt li,gade! M met de men nan tèt mwen M kòmanse rele anmwey.

Richard: Tèt mwen te deja tap fè m mal depi lakay épi m vin frape l ankò,genlè se sak koz m endispoze a.

Casimir: Eeeyy gad de koze!

Jeff: M tèlman sezi lè m tande bagay sa! Daniela oumenm nan kilè ou te gentan rive la?

Mwen: M la bon ti moman wi.

Casimir: Ou Pat sonje l te di n li Pat santi l byen? Marasa l Richard ki Pat byen an wi,li jis santi l.

Peterson: Li vin la l pa menm okipe m menm,se Richard,Richard,tout lasent jounen on Richard,Richard.

Richard: Jalouzi w'ap fè la bro?

Peterson: Non ou mèt distrè w wi! Ma jwenn on fanm tou ki pou kriye pou mwen.

Jeff: Ala lanmou grandyoz tou!

Casimir: Epa tout lanmou kokorat non,bagay moun de klas. Mwen k ou m marye lontan,epi kot madanm ou frè?

Valè sak gen pou di la,gad sa l jwenn li di,gad pou kiyès l al mande tchuuiipps.

Richard: M pa menm konn si l konnen menm. Voye telefòn ou an prete m.

Casimir: Ak ki men ou pral ekri a frè?

Richard: Tchuuiipps,m bliye radòt sa wi!

Jeff: Ban m voye l pou ou baz.

Peterson: Fanm penmèt sa,si e pou mwen l pa tap janm konn anyen.

Richard: Poutan l pa maledve non,se fason l ki konsa.

Peterson: Depi w di m!

Jeff: Li di lap vin kounya.

Richard: Mèsi frè.

M gade Jeff Mesye,e konnen l pa konnen sa l fè m la wi. On tifi m si pa vle wè,l è m wè l sanm manje m. M ta devore konpè a pou sa l fè a wi. Kou l vini m ale.

Casimir: O Daniela saw gad Jeff konsa? Ou kòm kèk sòlda k pral batay la.

Mwen: E ou k konnen! Kounya moun paka gad moun ankò?

Casimir: M pa di sa non,e Jan wap gade l la wi,kòmsi dife prèt pou sot nan je w.

Mwen: Radote sèlman ou pwòp!

Jeff: Manman l ki do tap fè twòp estera lè bagay la épi misye tou fèt ak defo a.

Mwen: Nan on lopital ou ye wi konpè!

Jeff: M pa di anyen non  o o! E ou k'ap fè moun panse m di on bagay mal.

Menm moman an,la dyablès la rantre,kòm m te chita bò kabann Richard la,m tou leve.

Vanessa: O mezanmi Richard chéri! Kòman ou santi w? Sa k t pase? Gad Jan ti malere m nan manke ale la.

Mhmm l'ap pale,map gade l de la tèt O pye. Li pa menm mete on rad pou kouvri kò l menm,on ti tèt wòb dekòlte kòm kèk moun ki pral nan kafe. M mande tèt mwen Sa Richard jwenn nan fanm sa,m pa konprann.

Richard: Pa enkyete w chéri,m pa two anfom men pito kò n kraze nou la toujou.

Vanessa: Kounya siw te ale la,kote w t pral kite m papi?

Casimir: Hmmm le love!

Jeff: Toujou ap gate bagay moun oumenm.

Mwen: Eskize m wi,m prale,m pap ka ret anpil,ma vini yon lòt lè.

Vanessa: O Daniela apaw te la? Épi mezanmi eskize wi,m tèlman te strese ,m te pè, épi m te bezwen wè Richard ,ke m bliye salye nou,na padone m souple.

Mhmm ou sur ke ou Pat wè m? Manman rizèz! Lè m di n fanm sa degoute m nan,manman ipokrit la,lap pran pòz li zanmi m,m pa zanmi ak tout chany non mwen menm!

Jeff: Pa gen pwoblèm,nou konprann ou.

Casimir: M abitye wi mwen menm,sa pa etone m!

Peterson: Sa pa fè anyen siw pa di n bonswa non,mwen pèsonèlman,menm lè ou te di l,m patap reponn.

Richard: Sa kap pran w la bro?

Peterson: Sa k konnen! Genlè e malkadi a! M renmen di bagay yo Jan yo ye a wi mwen.

Vanessa: An ou tolere ke frè w la pale avè m konsa alòs si Se te mwen Ou tap fache?

Richard: Pa kòmanse non! M pa sou sa.

Mwen: Mhmm m lage cha,avan dife pran la,m ale mesye dam!

Mesye yo: Ebyen Ok.

Richard: Mèsi pou ti vizit la Dani.

Mwen: Pa gen pwoblèm! Ou konn m pap lage w.

M fon w dènye vire gade moun yo bay pou Vanessa a,kat min te gentan mare nan fon l,adye oooh,depi lè Richard ap ranmase l genlè resi jwenn a on sèpida.

Mezanmi Daniela,kite Jalouz! Ou chita wap bay tifi a tout defo.
Bon mezanmi,m tande lekòl la ouvri,nou an desanm se vre men se kounya m resi pral lekòl donk na padone m sim fè n tann on ti moman. M'ap toujou ekri men m'ap pran tan.
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now